Solèy Syèl la nan Syèl solèy la
Nyaj pa nyaj
Syèl la ap toujou nan tèt solèy la
Nyaj pa nyaj
Solèy la ap toujou vle klere Syèl la
Nyaj pa nyaj
Ap toujou gen bèl zetwal ant Syèl la ak solèy la
Nyaj pa nyaj
Lalin nan montre pisans Solèy la nan Bote Syèl la
Nyaj pa nyaj
Solèy la nan Syèl la, Syèl la pou Solèy la
Nyaj pa nyaj !
par J. Primé